2009
Piblikasyon Liv Mòmon an
Janvye 2009


Soti nan lavi pwofèt Joseph Smith

Piblikasyon Liv Mòmon an

Adapte apati Enseignements des Présidents de l`église: Joseph Smith (Pwogram etid pou Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou, 2007), 8–9, 135–37; ak Istwa legliz la, 1:71–80.

An 1829 Joseph Smith , avèk èd grefye li Oliver Cowdery, te fin tradui Liv Mòmon an.

Oliver, Senyè a kontan avèk nou.

Kounyeya nou jis bezwen pibliye gwo liv sa a.

Joseph ak Oliver te ale Palmyra, Nouyòk, epi yo te pale avèk Egbert B. Grandin, yon enprimè.

Nou bezwen 5.000 kopi nan liv sa a pi vit posib.

Sa ap koute $3,000. Puiske ou vle tout kantite kopi sa a epi se yon gwo liv anpil, li ka pran m plis pase yon ane.

Plizyè mwa apre Mesye Grandin te vin enkyè paske l te panse ke Joseph pa t ap peye. Li te kanpe enpresyon Liv Mòmon an jistan li te ka vin asire.

M ipoteke jaden m pou enprime Liv Mòmon an. Sa ta dwe mete Mesye Grandin alèz.

Sa ekstraòdinè, Martin!

Mesye Grandin te gen yon machin nèf ki te fè pwosesis enpresyon an vin pi rapid pase sa anvan an. Men li te toujou pran l anpil tan.

Mesye Grandi, nou prèske fini, epi sa fè sèlman sèt mwa!

M pa totalman konprann kijan sa fè fèt.

Apre Liv Mòmon an te pibliye, Senyè a te kòmande Joseph pou l te òganize legliz la. Jou 6 Avril 1830, apeprè 60 moun te reyini lakay Peter Whitmer, Senyò.

Byenvini, frè ak sè.

Manm legliz la te soutni Joseph kòm pwofèt epi yo te pran sentsèn.

Malgre legliz la te demare jis avèk kèk manm, Joseph pita te pale kèk frè nan Kirtland konsènan destine li.

Se sèlman yon ti ponyen nan prètriz la nou wè isit la aswè a, men legliz sa pral ranpli Amerik Nò ak Sid la—li pral ranpli mond lan.

Ilistrasyon pa Sal Velluto ak Eugenio Mattozzi