2009
Annou leve vwa avètisman nou
Janvye 2009


Mesaj Premye preziDanslan

Annou leve vwa avètisman nou

Imaj
President Henry B. Eyring

Paske Senyè a bon, li aple sèvitè pou avèti moun kont danje. Apèl sa a pou avèti a fèt pi plis epi pi enpòtan palefèt ke pi gwo avètisman yo se osijè danje ke moun yo pa panse ki reyèl. Panse avèk Jonas. Li te kouri toudabò lè Senyè a te aple l pou avèti pèp Niniv la ki te avegle epi ki pa t ka wè danje yo akoz peche. Li te konnen ke moun mechan nan tout epòk yo te rejte pwofèt yo epi pafwa menm touye yo. Men lè Jonas te avanse devan ak lafwa, Senyè a te beni li avèk sekirite ak siksè.

Nou kapab aprann apati eksperyans nou kòm paran ak kòm pitit tou. Sa nan pami nou yo ki se paran yo konn santi anksyete ki genyen nan santi danje ke pitit nou yo pa ko ka wè. Pa gen anpil priyè ki pi fèvan pase priyè yon paran k ap mande pou konn kijan pou touche yon timoun pou fè l elwaye l de danje. Pifò nan nou konn santi benediksyon ki genyen nan tande ak suiv vwa avètisman yon paran.

Mwen toujou sonje manman m k ap pale dousman avèk mwen yon jou Samdi apremidi lè, pandan m te ti gason, m te mande l pèmisyon pou m te fè yon bagay m te panse ki te pafètman rezonab epi li menm li te konnen ki te danjere. M toujou santi m etone pou pouvwa li te genyen, mwen kwè ke Senyè a te bali, pou l te fè m wè avèk pa anpil pawòl konsa. Janm sonje yo, sete: “O, m panse ou kapab fè sa. Men ou gen chwa.” Sèl avètisman an sete nan aksan l te mete sou mo kapab la avèk chwa a. Men sa te sifi pou mwen.

Pouvwa li pou avèti avèk ti kras mo te soti nan twa bagay m te konnen osijè li. Premyeman, li te renmen mwen. Dezyèmman, m te konnen li te fè fas ak menm kalite sityasyon yo epi li te beni paske l te fè bon chwa a. Epi twazyèman, li te transmèt mwen temwayaj sèten li ke chwa m t ap fè a te si enpòtan ke Senyè a t ap kontan di m kisa pou m te fè si m te mande li. Lanmou, egzanp, ak temwayaj: bagay sa yo sete kle jou sa a, e yo te toujou kle kèlkeswa lè m te gen benediksyon tande epi koute avètisman yon sèvitè Senyè a.

Kapasite nou pou touche lòt moun avèk vwa avètisman nou enpòtan pou tout moun ki se disip alyans Jezikri. Men chaj yo bay chak manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo: “Gade, m te voye nou pou nou kapab temwaye epi avèti pèp la, epi se pou chak moun ki te resevwa avètisman avèti pwochen l.” (D&A 88:81)

Devwa nou pou avèti

Devwa nou pou avèti pwochen nou an tonbe sou nou tout ki aksepte alyans batèm nan. Nou gen obligasyon pou n pale avèk zanmi nou ak paran nou yo ki pa manm yo sou levanjil la. Objektif nou se pou envite yo pou misyonè aplentan yo, ki aple epi mete apa pou anseye, ka anseye yo. Lè yon moun chwazi pou aksepte envitasyon nou pou l vin anseye, yon “referans” gwo pwomès kreye, youn ki pi lwen pase antre nan dlo batèm epi apresa rete fidèl.

Antanke manm Legliz la, ou ka atann ke misyonè aplentan yo oubyen misyonè pawas oswa branch yo apral mande pou w bayo opòtinite pou ede w fè yon lis moun ke w ka pataje levanjil la avèk yo. Misyonè yo ka sigjere w panse sou paran, vwazen, ak relasyon ou genyen. Yo gen dwa mande ou pou w fikse yon dat kote w pral eseye fè moun nan oubyen fanmi an prepare pou anseye pa misyonè yo. M te fè eksperyans sa a. Paske nou menm nan fanmi nou n te aksepte envitasyon sa a nan men misyonè yo, m te gen benediksyon akonpli batèm yon vèv ki te katreventèn ni, ke sè misyonè yo te anseye.

Lè m te mete men m sou tèt li pou m te konfime li kòm manm Legliz la, m te santi m pouse pou m te di ke chwa li te fè pou l te vin batize a t ap beni anpil jenerasyon fanmi li, apre ak anvan li. Menm apre l te fin mouri, m te kapab ale nan tanp avèk pitit gason li pandan l t ap sele avèk li.

Ou gen dwa fè kalite eksperyans sa yo avèk moun w ap envite pou misyonè yo anseye yo, epi konsa ou konnen ke gen kèk moman nan lavi ki dous anpil. Pawòl Senyè a vrè pou misyonè yo ak pou nou tout: “Epi kounyeya, si lajwa w ap anpil avèk yon sèl nanm ou pote ban mwen nan wayòm Papa m nan, ala lajwa w ap anpil si ou ta mennen plis nanm ban mwen!” (D&A 18:16).

Misyonè yo ap ede nou ak ankouraje nou, men jan moman nan fon batismo yo ak nan tanp yo vini pi souvan ap depann grandman sou fason nou konsidere chaj nou ak sa nou chwazi pou n fè avèk li. Senyè a pa t ap itilize mo avèti a si pa t gen danje. Men se pa anpil moun nou konnen ki santi sa. Yo aprann inyore evidans kwasan ke sosyete a ap degrade a epi lavi yo ak fanmi yo manke lapè ke yon fwa yo te panse k te posib la. Dispozisyon sa a pou inyore siy danje yo ka fè w fasilman panse: “Poukisa m dwe pale tout moun de levanjil la? Ki danje ki genyen nan sa pou yo menm oubyen pou mwen si m pa di ni fè anyen?”

Bon, danje a ka difisil pou wè, men li reyèl, ni pou yo ni pou nou. Pa egzanp, nan yon moman kèlkonk nan mond k ap vini an, chak moun ou te rankontre nan lavi sa a ap konnen sa w konnen kounyeya. Y ap konnen ke sèl fason pou n viv pou tout tan avèk fanmi nou ak nan prezans Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason l lan, Jezikri, se pou chwazi antre nan pòt la pa mwayen batèm nan men moun ki gen otorite Bondye bayo. Y ap vin konnen ke sèl fason fanmi yo ka ansanm pou tout tan se nan aksepte epi kenbe alyans sakre yo ofri nan tanp Bondye yo sou tè sa a. Y ap vin konnen sa nou te konnen. Epi y ap sonje si nou te ofri yo sa yon moun te ofri nou an.

Li fasil pou n di: “Moman an poko rive.” Men gen danje nan ranvwaye pou demen. Sa gen kèk ane, m te travay pou yon mesye nan Kalifòni. Li te anplwaye mwen; li te bon avèk mwen; li sanble l te konsidere m grandman. M te petèt sèl Sen Dènye Jou li te konnen byen. M pa konn tout rezon m te jwenn pou m te tann yon pi bon moman pou m te pale l de levanjil la. M sèlman sonje santiman regrè mwen lè m te aprann, apre le l te fin retrete epi l t al viv byen lwen, ke li menm ak madanm ni te mouri nan yon aksidan pandan yo ta pral lakay yo yon jou swa nan Carmel, Kalifòni. Li te renmen madanm ni. Li te renmen pitit li. Li te renmen paran li. Li te renmen pitit pitit li yo, e l ap renmen pitit yo epi l ap vle avèk yo pou tout tan.

Kounyeya, m pa konn kijan yo pral jere foul la nan mond ki gen pou vini an. Men, m sipoze ke m apral rankontre li, ke l apral gade m nan je, epi nan je li mapral wè kesyon sa a: “Hal, ou te konnen. Poukisa ou pa t di mwen?”

Lè m ap panse avèk li epi lè m ap panse avèk vèv la m te batize a ak fanmi li ki kounyeya ap sele avèk li epi youn avèk lòt, m ta renmen fè plis toujou. M vle ogmante pouvwa mwen pou envite moun pou vin anseye. Avèk dezi sa a epi avèk lafwa ke Bondye ap ede nou, n ap fè pi byen.

Lanmou vini anpremye

Lanmou toujou vini anpremye Yon senp aksyon jantiyès ap raman ase. Senyè a dekri lanmou nou dwe santi a, ke moun nou envite yo dwe rekonèt nan nou an, avèk mo sa yo: “Charite gen pasyans” epi li “sipòte tout bagay, li kwè nan tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay” (1 Korentyen 13:4, 7).

Mwen konn wè kisa “pasyans” ak “andire tout bagay” vle di. Yon fanmi te bwote vin nan yon kay tou pre nou. Kay la te nèf, konsa m te pami ekip Sen Dènye Jou ki te pase anpil nuit ap plante gazon, pyebwa, flè, enstale dlo pou te anbeli li. M sonje dènye jou swa a, kote m te kanpe tou pre mari a nan fanmi an lè nou t ap fini. Li te gade travay nou epi li te di nou menm ki te kanpe tou pre a: “Se twazyèm lakou ke nou menm Mòmon nou mete pou nou, e m panse sa a se pi bon an.” Epi apre li te dousman men byen fèm di m gwo satisfaksyon li te jwenn nan men manm pwòp legliz pa li, yon konvèsasyon nou te genyen souvan pandan ane l te viv la a.

Pandan tout tan sa a, li menm avèk fanmi li te kontinye resevwa aksyon jantiyès, paske vwazen yo te reyèlman vin renmen yo. Yon jou swa m te rive lakay mwen m te wè yon kamyon devan lakay yo a. Yo te di m yo t ap bwote al nan yon lòt eta. M te pwoche pou m te wè si m te ka ede. M pa t rekonèt mesye m te wè k t ap mete bagay yo nan kamyon an. Pandan m t ap pwoche vin pi pre li te di dousman: “Alo, Frè Eyring.” M pa t rekonèt li paske li te pitit gason, kounyeya ki te pi gran, ki te viv la a, ki te marye, epi l t al abite yon lòt kote. E akoz lanmou anpil moun pou li, li te batize vin yon manm Legliz la kounyeya. M pa konn fen istwa sa a paske li pap gen fen. Men m konnen ke l te kòmanse avèk lanmou.

Dezyèman, n ap bezwen se pi bon egzanp nan sa n ap envite lòt moun yo fè yo. Nan yon mond plen tenèb, kòmandman sa a Sovè a te bay la ap vin pi enpòtan toujou: “Se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n ap fè yo, ya fè lwanj Papa nou ki nan Syèl la” Matye 5:16.

Anpil nan nou modès ase pou n panse ke ti kal limyè egzanp nou an gen dwa twò piti pou yo remake li. Men yo gade nou menm avèk fanmi nou plis pase nou gen dwa reyalize. Sa pa gen lontan m te gen chans ale epi pale nan reyinyon avèk prèske 300 pastè ak dirijan lòt legliz. M te pale avèk otan m te kapab. M te mande yo poukisa yo te si pote atansyon ak mesaj mwen an, ki sete rakonte orijin Legliz la, pou m te pale sou Premye Vizyon Joseph Smith lè l te jèn nan ak sou pwofèt vivan yo. Nan chak ka, yo te ban m esansyèlman menm repons lan. Yo te rakonte m istwa yon moun oubyen yon fanmi yo te konnen kòm manm Legliz la. Souvan m te tande: “Sete pi bon fanmi m te janm konnen.” Souvan yo te pale sou kèk travay kominotè oubyen repons pou dezas kote manm Legliz te travay nan yon fason remakab.

Moun m te rankontre nan reyinyon sa yo pa t ko rekonèt verite a nan doktrin nan, men yo te wè fwi li nan lavi manm yo, epi konsa yo te pare pou tande li. Yo te pare pou tande verite sou Retablisman an—ke fanmi yo ka sele pou tout tan an epi ke levanjil la ka chanje nati nou an. Yo te pare gras avèk egzanp nou.

Twazyèm bagay nou dwe fè pi byen an se envite avèk temwayaj nou. Lanmou ak egzanp ap louvri chemen an, men nou ankò bezwen louvri bouch nou pou rann temwayaj nou. Nou ede pa yon senp bagay: verite ak chwa konekte enseparabman. Gen kèk chwa tout pitit Papa nou yo ki nan Syèl la dwe fè pou kalifye yo pou yon temwayaj konsènan verite espirityèl yo, epi yon fwa nou konnen yon verite espirityèl, nou dwe chwazi si n ap konfòme lavi nou avèk li. Lè nou rann temwayaj sou laverite bay moun nou renmen yo oubyen zanmi nou, nou dwe montre yo chwa yo dwe fè yon fwa yo konnen verite sa a pou tèt pa yo. Gen de egzanp enpòtan: envite yon moun pou li Liv Mòmon an ak envite yon moun pou aksepte pou misyonè yo anseye li.

Pou nou konnen si Liv Mòmon an vrè, nou dwe li li epi fè chwa nou jwenn nan Mowoni an: priye pou konnen si l vre (gade Mowoni 10:3–5) Lè nou fè sa, nou ka temwaye bay zanmi nou yo, apati eksperyans pèsonèl, ke yo ka fè chwa sa a epi aprann menm verite a tou. Lè yo konnen ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye, y ap vin fè fas ak yon lòt chwa: si y ap aksepte envitasyon nou an pou misyonè yo anseye yo a. Pou fè envitasyon sa a avèk temwayaj, n ap bezwen konnen ke misyonè yo aple kòm sèvitè Bondye.

Nou ka akeri temwayaj sa a nan chwazi envite misyonè yo lakay nou pou anseye zanmi nou oubyen fanmi nou. Misyonè yo ap byen kontan jwenn opòtinite a. Lè nou chita avèk yo pandan y ap anseye, jan m te fè a, n ap vin konnen ke yo enspire avèk pouvwa ki depase laj yo ak fòmasyon yo. Lè sa a, lè nou envite lòt moun pou chwazi pou misyonè yo anseye yo a, n ap vin kapab rann temwayaj ke yo anseye verite epi yo ofri chwa ki mennen nan bonè.

Yon asirans

Petèt gen kèk nan pami nou ki twouve l difisil pou nou renmen ase oubyen ke lavi nou pa ase bon oubyen pouvwa nou pou temwaye sifi pou vwazen nou yo aksepte envitasyon nou yo. Men Senyè a te konnen nou ta ka santi n konsa. Koute Pawòl ankourajan l yo, ke li te bay direksyon pou mete anpremye nan Doktrin ak Alyans yo, lè l te banou chaj nou an: “Epi vwa avètisman an pral jwenn tout moun, nan bouch disip mwen yo ke m te chwazi nan dènye jou sa yo” (D&A 1:4).

Epi apre koute deskripsyon li sou kalifikasyon disip sa yo—pou nou: “Bagay fèb yo nan mond lan pral avanse pou kraze sa ki fò yo” (D&A 1:19).

Epi apresa: “Pou moun ki fèb yo ak moun ki senp yo kapab pwoklame plenitid levanjil mwen an jis nan bout tè a” (D&A 1:23).

Epi ankò: “Epi toutotan yo gen imilite pou yo kapab vin fò, pou yo resevwa benediksyon ki soti anwo” (D&A 1:28).

Asirans sa a yo te bay premye misyonè yo nan Legliz la li ak misyonè yo jodi a. Men li pou nou tout tou. Nou dwe gen lafwa ke nou kapab renmen ase epi ke levanjil la touche lavi nou ase pou yo ka tande envitasyon nou pou chwazi a kòmsi l te soti nan men Mèt la, ke se envitasyon l li ye a.

Li se egzanp pafè a pou sa nou bezwen fè. Nou te santi amou li ak swen li menm lè nou pa t reponn, pandan ke moun nou prezante levanjil yo gen dwa pa reponn tou. Tout tan li envite nou pou n kite sèvitè l yo anseye nou. Nou gen dwa pa rekonèt sa nan vizit enstriktè nan fwaye yo ak enstriktris nan fwaye yo oubyen nan yon apèl telefòn yon evèk, men sa yo sete envitasyon li pou te ede nou ak anseye nou. Epi Senyè a toujou montre konsekans yo epi li pèmèt nou chwazi pa nou menm.

Sa Leyi, sèvitè Senyè a te anseye pitit gason l yo toujou rete vrè pou nou tout: “Epi kounyeya, pitit gason m yo, m ta vle pou nou apiye sou gran Medyatè a, koute kòmandman li yo e rete fidèl nan pawòl li yo, epi chwazi lavi etènèl dapre volonte Lespri Sen li a” (2 Nefi 2:28).

Epi apresa nan men Jakòb nou te resevwa ankourajman sa a pou reponn ak obligasyon nou genyen pou temwaye a, jan nou dwe fè a, ke chwazi pou misyonè yo anseye nou se chwazi pou antre nan chemen ki mennen nan lavi etènèl la, pi gwo nan tout kado Bondye yo: “Se poutèt sa, fè kè nou kontan, e sonje nou lib pou nou aji pou tèt pa nou—pou nou chwazi chemen lanmò etènèl oubyen chemen lavi etènèl.” (2 Nefi 10:23).

Mwen temwaye ke se sèlman aksepte ak viv levanjil retabli Jezikri a ki pote lapè Senyè a pwomèt la nan lavi sa a ak espwa lavi etènèl nan mond ki gen pou vini an. Mwen temwaye ke yo banou privilèj ak obligasyon pou ofri verite ak chwa ki mennen benediksyon sa yo bay pitit Papa nou yo ki nan Syèl la, ki se frè nou ak sè nou. Jezi se Kris la, Li vivan, epi sa a se travay li.

Foto ilistrasyon pa David Stoker

Lè nou envite lòt moun pou yo chwazi pou misyonè yo anseye yo, n ap kapab rann temwayaj ke y ap anseye laverite epi ke yo ofri chwa ki mennen nan bonè.

Nou dwa gen lafwa ke nou ka renmen ase epi ke levanjil la touche lavi nou ase pou yo ka tande envitasyon nou pou chwazi a kòmsi l te soti nan men Mèt la, ke se envitasyon l sa ye a.

Detay soti nan Li resisite, pa Del Parson