2009
1 Timote 4:12
Janvye 2009


Liy apre liy

1 Timote 4:12

Tèm Mityèl pou ane sa a di nou kijan nou dwe tabli yon egzanp pou mond lan.

12 Pa kite pèsonn pase ou nan betiz paske w twò jèn; Se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan jan ou pale, nan jan ou mennen tèt ou, nan jan ou gen renmen, nan jan ou gen konfyans, nan jan w ap mennen yon lavi ki dakò avèk volonte Bondye

Pa kite pèsonn pase ou nan betiz paske w twò jèn

Pòl te di Timote ke lefèt ke li relativman jèn pa dwe fè okenn diferans nan sa k gen rapò ak viv levanjil la ak sèvi nan legliz la. Anpil jèn moun konn fè eksperyans espirityèl puisan. Chèche referans sa yo pou w ka li konsènan kèk nan yo: 1 Samyèl 17:12–49 (David), 2 Nefi 2:4 (Jakòb), Mòmon 1:15 (Mòmon), ak Joseph Smith—Istwa 1:7–20 (Joseph Smith).

Kijan ou ka montre devouman ou pou levanjil la nan moman sa a nan lavi ou? Ekri sou sa nan jounal ou.

Egzanp

Imaj
President Thomas S. Monson

“Nou pa bezwen tann yon evenman trajik, yon ensidan dramatik nan mond kote n ap viv la, oubyen yon envitasyon espesyal pou nou ka yon egzanp—menm yon modèl pou suiv. Opòtinite nou yo chita devan nou kounyeya menm. Men yo frajil. Pwobableman n ap jwenn yo nan pwòp fwaye nou ak nan aksyon chak jou yo nan lavi nou. Senyè ak Mèt nou an te trase wout la: ‘[Li] te mache toupatou ap fè byen. (Travay10:38.) Nan chak grenn aksyon li te yon modèl asuiv—yon egzanp pou kwayan yo.

“E nou menm?”

Prezidan Thomas S. Monson, “An Example of the Believers,” Ensign, Novanm 1992, 98.

Pawòl

Nou montre gwo disiplin tèt lè nou metrize pawòl nou yo (gade Jak 3:2). Olye yo diminye lòt moun, pawòl nou yo ta dwe fòtifye yo (gade Efezyen 4:29; D&A 108:7). Pou amelyore ou nan domèn sa a, ou kapab, pa egzanp, ekri bi espesifik pou fè konpliman, pou pale avèk plis jantiyès avèk manm fanmi ou, pou itilize ton ak atitid ki pi plezan epi evite betiz ak langaj ofansan.

Konvèsasyon

Mo Grèk la vledi konduit oubyen konpòtman.

Charite

Imaj
Elder Joseph B. Wirthlin

“Nou ta dwe simen semans charite, lanmou pi Kris la, nan kè nou. Li se modèl pafè charite a. Tout lavi li, patikilyèman sakrifis ekspyatwa l la, se yon leson charite. Chak grenn aksyon li reflete lanmou absoli, san okenn dout pou tout limanite ak pou nou chak. Egzanp li anseye nou ke charite vledi soumèt enterè pèsonèl nou pou byen lòt moun, volontèman epi ak kè kontan. Mwen kwè pwogresyon nou vè egzaltasyon ak lavi etènèl depann sou fason nou aprann ak viv prensip charite a.”

Eldè Joseph B. Wirthlin nan Kowòm Douz Apot yo, “Seeds of Renewal,” Ensign, Me 1989, 8.

Lafwa

Pou nou rete yon egzanp nan lafwa, suiv ansèyman apot Jak la: “M pral montre ou lafwa mwen dapre zèv mwen yo” Jak 2:18).

Pite

Li pawòl yo nan kantik “Ah, donne-moi, Père” la (Cantiques, nimewo 70), epi medite sou sa sa vledi rete yon egzanp pite.Nòt editè a: nou pa ekri paj sa a antanke yon eksplikasyon konpreyansib sou vèsè nou chwazi nan ekriti yo, men sèlman kòm yon pwen depa pou etid pèsonèl ou.

Foto prezidan Monson pa David Newman