2009
Pou Jènjan nan Prètriz Aawon yo
Janvye 2009


Pou Jènjan nan Prètriz Aawon yo

Imaj
Young Men general presidency

Charles W. Dahlquist (nan mitan), prezidan; Dean R. Burges (agoch), premye konseye; ak Micheal A. Neider, dezyèm konseye.

Pòl te raple Timote yon bagay enpòtan anpil—enpòtan pou Timote epi pou chak detantè prètriz Aawon: “Pa neglije kado Lespri Bondye a te ba ou lè chèf responsab yo te mete men sou tèt ou, apre pwofèt yo te fin pale pou ou” (1 Timote 4:14). Pòl t ap pale sou enpòtans prètriz la.

Kisa sa vledi “pa neglije” prètriz nou an ? Premyeman, sa vledi viv diy pou benediksyon k ap koule yo atravè prètriz la. Nou asire n ke panse nou, pawòl nou ak aksyon nou yo pi. Nou viv yon fason pou n rete “yon egzanp pou kwayan yo” nan tout sa n ap fè: priye ak li ekriti yo chak jou, ale nan seminè, peye dim, epi, kote sa posib, ale nan tanp pou akonpli batèm pou mò yo.

Dezyèman, sa vledi mayifye prètriz la—itilize prètriz la pou sèvi ak beni lavi lòt moun. Nou ka fè sa nan akonpli devwa prètriz yo; rann sèvis pèsonèl ak nan kowòm nan; oubyen lonje men bay yon moun lakay, lekòl, oubyen nan travay ki bezwen yon pawòl janti, yon souri, yon jès amikal.

Twazyèman, sa vledi aprann osijè prètriz la ak devwa l yo. Li epi medite sou ekriti konsènan prètriz la, espesyalman nan Alma 13 ak Doktrin ak Alyans seksyon 13, 20, 84, 107, ak 121. Li diskou yo te fè nan sesyon prètriz dènye konferans jeneral la, epi apresa mande tèt ou, “Kijan m ka aplike sa m te aprann nan pou ede m mayifye prètriz la?”

Nou renmen ou. Nou gen konfyans nan ou. Pandan w ap fè efò pou mayifye prètriz ou a, w ap vin pi byen prepare pou sèvi Senyè a kòm yon misyonè aplentan, epi jan Pòl te pwomèt Timote a, sèvis ou ak egzanp ou ap beni lavi ou ak lavi moun ki bò kote ou. Se pou Bondye beni ou nan efò w yo.