2009
Semèn Benn nan
Janvye 2009


Semèn Benn nan

“Senyè a te beni jou saba a, epi li te sanktifye l” (Mozya 13:19).

Benn te repoze bra li sou valiz ki te tou pre l la nan vwati a. Manman l ak papa l t ap kondi l ale lakay granpapa l. Benn ta pral rete avèk granpapa li pou tout yon semèn. Okenn frè, okenn moun k ap veye sou li—sèlman Benn ak granpapa.

Benn te pale avèk granpapa l konsènan semèn yo a ansanm nan. Granpapa te di sete semèn Benn epi yo t ap ka fè bagay Benn te pi renmen yo. Benn te gade nan fenèt la. Eske ou te sonje ranje tout bagay? Li te ranje chapo chans pou lapèch li a, linèt solèy li yo, ak liv favori l yo.

Manman l nan chèz devan an te di, “Kounyeya, sonje, granpapa pa manm legliz nou an. Li se yon bon moun ak yon bon granpapa. Men gen kèk bagay nan kay li k pral parèt etranj pou ou.”

“Tankou kisa?” Benn te konnen granpapa li pa t al legliz. Men li pa t reflechi sou ki diferans sa t ap fè.

Papi te di, “W ap oblije raple w ke ou ba bwè te glase.”

Benn te di, “OK.”

Manman l te di, “Oou pa p gen posiblite pou w al legliz Simanch, men ou ka sanktifye jou saba nan lòt fason.” 

Benn te di, “M ap fè sa.”

Lè yo te rive lakay granpapa, granpapa t ap tann yo sou galri a. Benn te soti nan vwati a anpremye. “Granpapa!”

“Kijan w ye pitit favori m ki gen setan an?” Granpapa te bay Benn yon gwo akolad. “Eske ou pare pou semèn espesyal ou a? Se ou k ap chwazi sa n ap fè ansanm.” 

“Eske nou ka ale lapèch?” Benn te mande. “M pote chapo chans pou lapèch mwen an.”

Granpapa te di, “asireman, nou kapab.”

“Epi eske nou ka ale nan jaden zowolojik la” Benn te mande. “M pote linèt solèy mwen yo.”

Granpapa te di, “asireman nou kapab.”

“Epi èske nou ka li ansanm?” Benn te mande. “M pote liv favori m yo.”

Granpapa te di, “asireman nou kapab.” “Epi m panse nou bezwen al nan magazen pou nou ka achte yon jwèt nan boutik la.”

Benn te di, “Wow.” “Se pral yon bèl semèn anpil!”

Nan Vandredi, granpapa ak Benn te ale lapèch.

Nan Samdi, granpapa ak Benn te ale nan jaden zowolojik la.

Nan demen, granpapa te fè gato pou dejene. Granpapa te di, “Jodia se jou pou n al nan magazen.”

Benn te kontan: “Anfòm! Ki kalite jwèt nou ta dwe achte?”

Apresa Benn te sonje—sete Dimanch. Kijan li t ap ka eksplike granpapa pou l pa achete jou Dimanch?

Apre dejene a Benn te fè yon priyè nan chanm ni. Li te mande Papa nou ki nan syèl la pou ede l eksplike granpapa sou sanktifye Jou Saba a.

Apre priyè a Benn te chita sou kabann ni. Granpapa te rele Benn, “M ap sèlman mete soulye mwen, epi nou prale.”

Benn te fè yon gwo respire epi li te kanpe. Li t al jwenn granpapa k t ap lase soulye li.

“Granpapa, mèsi paske ou te mennen m lapèch ak nan jaden zowolojik la. Men m panse jodia m dwe pran yon repo.”Granpapa te mande: “Kisa w vle di?

M te pwomèt pou mennen ou nan magazen.”

“M konnen, men èske w panse nou ka ale yon lòt jou?”

“Eske ou OK? Eske ou malad?”

Benn te di, “non granpapa.” “Jodia se Dimanch. Lakay mwen nou pa al achte nan magazen jou Dimanch.”

Granpapa pa t di anyen.

Benn te mande: “Eske nou ka rete lakay jodia?” Nou ka fè yon ti mache. Nou ka li liv.

Granpapa te souri bay Benn. Li te di, “asireman nou kapab.” “Se vrèman semèn pa ou , konsa ou ka chwazi.”

Benn te bay granpapa yon gwo akolad. Benn te di, “M te konnen se t ap yon bèl semèn.”

Ilistrasyon pa Craig Stapley