2009
Kanpe fèm ak inebranlab nan lafwa
Janvye 2009


Mesaj vizit nan fwaye

Kanpe fèm ak inebranlab nan lafwa

Anseye ekriti ak sitasyon ki reponn bezwen sè w ap vizite yo. Rann temwayaj konsènan doktrin nan. Envite moun w ap anseye yo pou yo pataje sa yo te santi ak aprann.

Mozya 5:15: “Se poutèt sa, m ta renmen pou nou fèm, inebranlab, toujou fè bon zèv an abondans, pou Kris la, Senyè Bondye Toupuisan an, kapab sele nou kòm moun pa l, pou nou kapab ale nan syèl la, pou nou kapab gen Sali a pou tout tan ak lavi etènèl la.”

Kijan m ka kanpe fèm ak inebranlab nan lafwa?

3 Nefi 6:14: “Legliz la te kraze nan tout peyi a, eksepte nan pami kèk Lamanit ki te konvèti nan vrè lafwa a; yo pa t kite l, paske yo te fèm, yo te mache dwat, moun pa t kapab souke yo, yo te vle respekte kòmandman Senyè a avèk dilijans.”

Julie B. Beck, Prezidant Jeneral Sosyete Sekou: “Fi Sen Dènye Jou yo dwe solid ak inebranlab nan lafwa yo. Yo kapab e yo dwe eksele nan viv ak pataje temwayaj yo konsènan Senyè Jezikri ak levanjil retabli l la. Nou fè sa lè nou:

“1. Fè epi respekte alyans avèk li.

“2. Diy epi adore li nan tanp li yo.

“3. Etidye doktrin ni an nan ekriti yo ak pawòl pwofèt yo.

“4. Kalifye pou rekonèt ak suiv Sentespri a.

“5. Pataje ak defann levanjil li a.

“6. Patisipe nan priyè pèsonèl ak familyal ki sensè.

“7. Fè sware familyal.

“8. Viv prensip otonomi ak lavi prevwayans yo.

“Sa yo se bagay esansyèl ki dwe fèt anvan bagay ki pa esansyèl yo. Sa yo se pratik senp ak endispansab ki prèske parèt banal. … Okenn moun pa ka fè bagay sa yo pou nou—yo se pratik ak abitid pèsonèl ki mete nou apa kòm moun fèm ak inebranlab pou sa ki kòrèk” (“What Latter-day Saint Women Do Best: Stand Strong and Immovable,” Liahona ak Ensign, Nov. 2007, 109–10).

Cheryl C. Lant, Prezidant Jeneral Primè a: “Konvèsyon pèsonèl nou fèt lè nou kòmanse viv fason Senyè a vle nou viv—fèm ak inebranlab nan respekte tout kòmandman yo, non pa sa ki fasil pou nou yo. Lè sa a sa vin yon pwosesis rafinman pandan n ap eseye fè chak jou vin yon ti jan pi bon pase jou anvan an” (“Righteous Traditions,” Liahona ak Ensign, Me 2008, 14).

Poukisa mwen dwe fèm ak inebranlab nan lafwa?

Èldè M. Russell Ballard nan Kolèj Douz Apot yo: “Lafwa nou ak konesans nou sou retablisman levanjil la ap banou fòs pou nou rete fidèl ak vrè nan alyans nou fè yo avèk Senyè a, ak pou nou pataje fòs nou ak talan nou pou n bati wayòm Bondye a isit la sou tè a avèk tout kè nou! Temwayaj nou konsènan Jezikri se pwen ki pi enpòtan ke nou kapab genyen pou ede nou kenbe, fèm ak inebranlab, nan prensip lajistis yo, kèlkeswa difikilte ak tantasyon ki ka vini nan lefiti” (“Steadfast in Christ,” Ensign, Des. 1993, 52).

Èldè Richard G. Scott nan Kolèj Douz Apot yo:

“Nou pa kapab jodi a vagman imajine kisa desizyon pou nou rete inebranlabman obeyisan anvè Senyè a ap pèmèt nou akonpli nan lavi nou. Detèminasyon san konpwomi nou pran pou n viv yon lavi dwat la ap pote pou nou enspirasyon ak pouvwa ki depase kapasite nou pou n konprann kounyeya” (“Making the Right Decisions,” Ensign, Me 1991, 34).

Foto ilistrasyon pa Henrik Als; nan fon an pa Shannon Gygi Christensen