2009
Sware familyal favori nou
Janvye 2009


Yon leson ki te chanje sware familyal nou yo

Nou gen twa timoun piti, laj senk, twa ak ennan. Nan kòmansman, sware familyal nou yo sete katastwòf. Timoun yo te toujou ap fè bri pou atire atansyon sou yo. Madanm mwen avèk mwen te santi nou depase.

Apresa yon lendi swa, madanm mwen te anseye konsènan Samyèl lamanit la pandan l t ap ititilize pòtre sou yon tablo kòm èd vizyèl. Nou tout te gen okazyon mete pòtre yo sou tablo a pou koresponn ak karaktè yo nan istwa a jan yo te mansyone a. Timoun yo te sitèlman renmen aktivite a ke pou lapremyèfwa, nou te gen premye sware familyal nan lapè epi ranpli ak Lespri depi plizyè mwa.

Leson sa a te revolisyone sware familyal nou yo. Nou te kòmanse prepare leson ki te gen plis aksyon, epi timoun yo te volontè pou fè tout kalite bagay pou fè sware familyal la reyisi. Nou te kòmanse konsakre plis tan tou nan planifye sware familyal nou yo. Nou te fè si ke okenn sware familyal pa t gen menm pwogram avèk yon lòt. Varyete nan aktivite yo te ede kapte enterè timoun nou yo.

Sa te mande anpil efò delibere bò kote nou pou enstitye epi soutni eleman sa yo nan sware familyal nou yo. Men kounyeya timoun nou yo enpasyan pou fè sware familyal nou yo epi yo patisipe nan fason ki pi konstriktif.