2009
Avèk tout kè ou
Janvye 2009


Fè zanmi

Avèk tout kè ou

Timoun nan tout mond lan renmen Jezikri epi yo adore li—menmjan avèk ou! Mwa sa a, an nou rankontre Rikado Fòtouna nan Santo Domingo, Repiblik Dominikèn.

Kèlkeswa sa Rikado Fòtouna ap fè, li fè l avèk antouzyas. Timoun uitan sa a ki soti Santo Domingo nan Repiblik Dominikèn nan jwe bezbòl avèk enèji yon pwofesyonèl. Li rankontre ak zanmi li ak frè l yo pou kous vwati anjwèt oubyen yon batay imajinè ant dinozò. Li gen anpil antouzyas lè manman l envite l nan kuizin nan pou kuit tostones (bannann fri).

Rikado tou pare pou patisipe nan sware familyal. Li priye sensèman avèk fanmi li chak maten ak aswè. Li li epi reli ekriti li yo. Epi li swete li te ka ale nan Primè a plis pase yon fwa pa semèn! Nenpòt sa Rikado fè, li fè l avèk kè li.

Gen yon bagay ke Rikado fè avèk tout kè li—li renmen Senyè a. Li konnen sa se yon kòmandaman paske li li l nan Bib la: “Se pou ou renmen Senyè a Bondye ou la avèk tout kè ou, epi avèk tout nanm ou, epi avèk tout panse ou” (Matye 22:37).

Rikado di, “sa vledi ou renmen Li tout jan ou kapab.” Lanmou sa a te patikilyèman evidan nan apatman familyal li a lè yo t ap selebre Nwèl. Chak swa fanmi an te li ekriti konsènan nesans Sovè a. Kèk te pale konsènan sa ki te rive sou Tè Sent la. Lòt te pale konsènan sa ki te rive nan Nouvo Mond lan.

Rikado di li enpòtan pou sonje Jezikri pou Nwèl paske se lè moun selebre nesans Li. Li di, “Men li enpòtan pou reflechi sou Jezi chak jou epi suiv egzanp Li.” “Nou ta dwe sonje ke Li te anseye konsènan Papa nou ki nan syèl la ak fason pou adore Li epi ke Li te voye Sentespri a pou nou.”

Sou anndan pòt devan apatman fanmi Fòtouna a yo mete gen yon gwo tablo sou Sovè a. Kèlkeswa kote ou ale nan chanm nan, ou ka wè li. Rikado di, “Li raple nou pou n reflechi sou Li, pa sèlman pou Nwèl men pandan tout ane a.”

Ekriti favori Rikado

Rikado renmen Atik Lafwa yo, patikilyèman nimewo senk la, ke li ka resite muy rápidamente (trè rapidman). Li site, “Nou kwè ke yon nonm dwe resevwa apèl nan men Bondye, pa mwayen pwofesi, epi pa enpozisyon men, nan men moun ki gen otorite, pou preche Levanjil la epi pou administre òdonans Levanjil yo.” “Sa di nou ke Senyè a aple dirijan yo nan legliz li a epi ke nou anseye levanjil la avèk otorite.”

Manje enteresan

Li pran tan pou prepare manje favori li, tostones, men Rikado panse li vo chak grenn minit. Li menm ak manman li pran tan pou kale epi koupe bannann yo, ki sanble avèk fig men ki pa dous. Yo fri yo nan lwil cho, yo kite yo frèt, epi pran tan pou degoute luil la. Apresa se pati Rikado pi renmen an. Li mete chak moso bannann nan yon pèz bannann anbwa epi l peze yo vin plat. Apresa yo fri chak moso ankò. Li patikilyèman renmen manje tostones avèk sòs.

Bon egzanp

Rikado souvan jwe avèk ti frè li, Marcus, epi avèk yon lòt zanmi, Manuel, yon Sen Dènye Jou ki viv nan apatman bò kote yo a. Li konnen ke vrè zanmi ankouraje yonn lòt fè sa ki byen. Li di, “Paske yo konsidere m kòm yon modèl, m dwe tabli bon egzanp pou yo.”

Rikado pwòch anpil avèk manman l ak papa l tou. Li di, “Mwen renmen manmi m ak papi m.” “Yo ede m, epi yo jwe avèk mwen. Yo anseye m, epi yo li avèk mwen. Yo priye avèk mwen chak maten ak chak swa.”

Li konsidere prezidan Thomas S. Monson kòm yon modèl. Rikado di, “M konnen ke li se yon pwofèt Bondye epi li pale pawòl Bondye.” “M konnen li fè priyè l epi li ekriti yo, se sa m fè tou.”

Epi Rikado di Jezikri se pi gwo egzanp lan. “Li anseye nou pou fè sa ki byen, rete obeyisan, priye kòrekteman, epi rete reveran ak respektye.”

Foto pa Richard M. Romney, eksepte si gen yon nòt

Kat nan Mountian High Maps

Rikado di li enpòtan pou reflechi sou Jezikri chak jou. Avèk papa li, li souvan kontanple tablo ki sou mi apatman yo a, epi Rikado li ekriti konsènan lavi Sovè a.

Rikado viv nan Repiblik Dominikèn, ki pataje zile a avèk Ayiti. Li kuit bannann ak sòs, li renmen bezbòl, epi li jwe avèk jwèt dinozò ak gwo kamyon.

Ki kote Santo Domengo, Repiblik Dominikèn ye nan mond lan?

oseyan atlantik

kiba

Ayiti

repiblik dominikèn

Pòtoriko

Santo Domingo