2009
Moso konesans ki pi itil la
Janvye 2009


Moso konesans ki pi itil la

Soti nan yon diskou devosyon ki te fèt nan Inivèsite Brigham Young jou 8 Jen 2004. Pou w jwenn tout tèks diskou a an Anglè, ale nan www.byui.edu/Presentations/transcripts/devotionals/2004_06_08_christensen.htm.

Gen kèk nan nou ki familye avèk Inivèsite Oxford ki ka konnen ke se inivèsite ki pi ansyen nan mond lan. Bilding kote m te viv la lè m te etidyan an te bati an 1410—li te bèl, men li pa t konfòtab pou viv ladan. Lè m te rive nan Oxford, m te reyalize ke sa ta pral difisil pou mwen pou m rete yon manm aktif Legliz la. Rhodes Scholarship Trust la, ki te ban m bous detid la, te gen anpil aktivite pou moun ki te jwenn bous yo.

Lè m te gade kijan m te anvi angaje nan legliz la, m te reyalize ke m pa t konnen si Liv Mòmon an te vrè. M te li l plizyè fwa men abityèlman lè paran m oubyen yon enstriktè nan Inivèsite Britham Young nan te ban m tach la. Men fwa sa a m te dezespereman bezwen konnen si Liv Mòmon an te vrè. Konsa m te deside ke m t ap pase chak swa soti 11 zè rive minui pou m te ka li Liv Mòmon an pou m te wè si li te vrè.

M t ap mande m si t ap oze pase tout tan sa a paske m te nan yon pwogram akademik ki te tòf, etid yo te gen ekonometri ladan yo. M ta pral eseye fini pwogram nan nan dezan, pandan ke pifò moun nan pwogram nan te fini l nan twazan. M pa t konnen si m te ka pèmèt tèt mwen inèdtan pa jou pou m antreprann bagay sa a.

Men, m te fè sa. M te kòmanse mete m ajenou nan lapriyè vè 11 zè tou pre yon ti chofaj nan yon mi an wòch, epi m te priye fò. M te di Bondye kijan m te dezespereman bezwen konnen si Liv Mòmon an te vrè. M te di li ke si l te revele m ke l te vrè, mwen t apral dedikase lavi mwen nan bati wayòm ni an. M te di l ke si se pa t vre, m te bezwen konn sa pou m ka si tou paske lè sa a m t ap dedikase lavi mwen pou m chèche sa ki te vrè a.

M te li premye Paj Liv Mòmon an. Lè m te rive anba paj la, m te kanpe. M te panse sou sa m te li nan paj sa a, epi m te mande tèt mwen: “Èske sa te ekri pa yon chalatan ki t ap eseye twonpe moun, oubyen èske sa te reyèlman ekri pa yon pwofèt Bondye? Epi kisa sa te vle di pou mwen nan lavi mwen?” Apresa, m te depoze liv la epi m te mete m ajenou ap priye epi m te mande Bondye ankò: “Tanpri, di m si sa a se yon liv ki vrè.” Apresa m te chita nan chèz la, m te pran liv la, m te vire paj la, m te li li, m te kanpe nan fen paj la, epi m te fè menm bagay la ankò. M te fè sa pandan inèdtan chak swa, nuit apre nuit, nan chanm frèt, plen imidite sa a nan Oxford la.

Yon jou swa, rive nan lè pou m te al li chapit nan fen 2 Nefi yo, m te fè priyè m nan, m te chita sou chèz mwen, epi m te louvri liv la. Toudenkou m te santi yon bèl Lespri plen chalè ak lanmou nan sal la ki te antoure mwen epi ki te penetre nanm mwen, li te vlope m nan yon santiman lanmou ke m pa t janm imajine m ta ka santi. M te kòmanse kriye. Pandan m t ap gade mo yo nan Liv Mòmon an atravè dlo nan je m yo, m te ka wè verite nan mo sa yo ke m pa t janm imajine m ta ka konprann anvan. M te ka wè glwa etènite yo, epi m te ka wè sa Bondye te gen an rezèv pou mwen antanke youn nan pitit gason li. Lespri sa a te rete avèk mwen pandan tout èdtan an ak chak lòt swa m te priye epi li Liv Mòmon an nan chanm mwen. Menm Lespri sa a te toujou retounen, epi li te chanje kè m ak lavi mwen pou tout tan.

M gade dèyè sou konfli m te genyen an, ap mande m si m ta ka pèmèt mwen pase inèdtan pa jou nan lòt bagay ki pa t etid ekonometri aplike m yo pou m te ka wè si Liv Mòmon an te vrè a. Mwen itilize ekonometri aplike a petèt yon fwa pa ane, men mwen itilize konesans mwen ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye a plizyè fwa chak jou nan lavi mwen. Nan tout fòmasyon m te janm resevwa, sa se sèl moso konesans ki pi itil ke m te janm resevwa.

Pou sa nan pami nou ki toujou ap viv sou temwayaj lòt moun yo, mwen envite nou pou n rezève inèdtan chak jou pou nou ka wè pou tèt pa nou si Liv Mòmon an vrè, paske sa ap chanje kè nou jan l te chanje pa m nan. Epi yon jou, n ap kapab ale nan plas kote nou te viv nan moman Bondye te revele nou sa a pou nou montre pitit nou ak konjwen nou epi pou n di: “Sa a se plas sakre pou mwen paske se la a m te aprann ke Jezi se Kris la.”

Pandan m ap chèche mayifye apèl mwen epi konnen Jezikri, mwen ka temwaye ke mwen konnen avèk yon sètitid ke li se Pitit Gason Bondye a, ke li vivan. Mwen konnen avèk sètitid ke li konnen nou chak epi li renmen nou chak.

Mwen envite nou pou nou rezève inèdtan chak jou pou n ka chèche konnen pou tèt pa nou si Liv Mòmon an vrè, paske sa ap chanje kè nou.

Youn nan bagay ki gen plis valè nou ka aprann pandan n ap fè fòmasyon nou se chèche konnen pa nou menm si Liv Mòmon an se pawòl Bondye.

Foto Liv Mòmon pa John Luke; nan fon an pa Lushpix/Unlisted Images Inc.

Anwo: Foto ilistrasyon pa Frank Helmrich