2009
Yon jèn misyonè
Janvye 2009


Yon jèn misyonè

Sete anivèsè pi bon zanmi m, epi li ta pral gen 13 zan. M te kouri al chèche jwenn yon kado pou li anvan lekòl, men m pa t ka jwenn anyen. Apresa m te wè yon Liv Mòmon. M te deside bay tèt mwen defi sa a pou m te ba li l kòm kado. M te santi m byen andedan m men yon ti jan pè paske m pat janm konn bay okenn moun yon Liv Mòmon avan. M te pè pou l pa t aksepte l.

Lè m te rive lekòl la, m te chèche l epi m te di l ke m te gen yon liv espesyal pou li. Li te pran liv la epi li te wè yon foto fanmi m nan premye paj la. M te di li ke sete Liv Mòmon an, yon liv ki di verite sou poukisa nou isit la sou tè a. M te di li tou ke m te dezole paske m pa t ba l yon pi bon kado.

Li te gade m nan je epi li te di sete pi gwo bagay m te ka ba li. Pawòl li yo te touche kè mwen, epi m te prèske kriye. M te santi tankou te deja yon misyonè! M pa ka tann jistan m gen laj ase pou ale an misyon pou m ka pataje levanjil la avèk lòt moun tankou zanmi mwen an.