2009
Yon egzanp pou kwayan yo
Janvye 2009


Tèm Mityèl 2009

Yon egzanp pou kwayan yo

“Se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan jan ou pale, nan jan ou Mennen tèt ou, nan jan ou gen renmen, nan jan ou gen konfyans, nan jan w ap Mennen yon lavi ki dakò avèk volonte Bondye”1 Timote 4:12

Èske enfliyans yon jènjan oswa yon jènfi fidèl ka fè yon diferans nan mond lan? Repons la se wi!

Sovè a Jezikri fè ou konfyans avèk non Li, ke ou resevwa nan batèm. Li fè w konfyans pou reprezante legliz la ak fanmi ou nan viv yon bon lavi fidèlman. Li mande ou pou rete “yon egzanp pou moun ki kwè yo,” yon moun ki pral atire lòt moun kote Li, akonpli mirak, epi ede Li bati wayòm Bondye a sou tè a.

Tèm Mityèl 2009 la se nan 1 Timote 4:12, kote Apot Pòl bay jèn zanmi li Timote konsèy. Sa Pòl te anseye Timote a aplike pou ou jodia a paske, menmjan ak Timote, ou se yon kwayan! “Nou se espri chwazi ki vini nan epòk sa a” kote levanjil Jezikri a retabli. Nou fè pati yon jenerasyon espesyal avèk “responsablite pou bati wayòm Bondye a.”1 Nou ka enfliyanse tout mond lan atravè pouvwa lafwa nou ak egzanp fidèl nou. Pòl te konn sa konsènan Timote, e nou konn sa konsènan ou!

Prezidan Thomas S. Monson te bay yon konsèy admirab sou fason nou ka rete yon ‘egzanp pou kwayan yo.” Li te di, “Fè chak desizyon w ap anvizaje pase tès sa a: Kisa l ap fè pou mwen? Kisa l ap fè pou mwen? Epi kite prensip konduit ou konsidere non pa, ‘Kisa lòt moun pral panse?’ men pito, ‘Kisa m pral panse de tèt mwen?’ Pran enfliyans ti vwa dous sa a. Sonje ke yon moun ki gen otorite te mete men sou tèt ou nan moman konfimasyon ou epi l te di, ‘Resevwa Sentespri a.Ouvè kè ou, wi tout nanm ou nèt, pou w tande vwa espesyal sa a ki temwaye verite a.”2

Kwayan yo gen yon temwayaj pèsonèl sou Jezikri k ap grandi, yo rekonèt gwo benediksyon temwayaj pèsonèl la, epi yo anvi pataje konesans yo a avèk lòt yo. Ou ka pataje temwayaj ou an pawòl ak pa egzanp ou.

Prezidan Monson te anseye tou: “Lè l byen plante, temwayaj ou… ap enfliyanse tout sa w ap fè pandan tout lavi ou. L ap ede w detèmine kijan pou w pase tan ou epi avèk kimoun pou w chwazi gen relasyon. L ap afekte fason ou trete fanmi ou, kijan ou aji avèk lòt moun. L ap pote lanmou, lapè, ak lajwa nan lavi ou.”3

W ap viv nan yon mond ki an konpetisyon avèk tan w ak atansyon w. W ap fè fas ak anpil presyon epi anpil vwa ap bonbade ou. Pafwa ou ka vin gen konfizyon konsènan sa pou w fè ak sa ki kòrèk. Chak semèn ou gen okazyon pou w pran Sentsèn epi renouvle alyans pou w “toujou sonje [Sovè a] epi respekte kòmandman l yo” (D&A 20:77). Lè ou fè sa, ou montre Papa nou ki nan Syèl la volonte ou pou pran non sakre Piti Gason l lan sou ou. Pawòl ou ak aksyon ou yo montre lòt moun ke ou reyèlman ap respekte alyans ou yo. Lè ou renouvle alyans ou yo epi w respekte yo, Sentespri a ap gide ou epi l ap “di ou tout bagay ou dwe fè”(2 Nefi 32:3)

Prensip yo nan Pou fòs jèn yo ap fòtifye ou tou epi y ede ou rete fèm antanke yon egzanp. Lè ou viv prensip sa yo, w ap gen gidans ak konpayi Sentespri a san rete. Panse ou ak aksyon ou ap vin diferan avèk pa mond lan, epi egzanp ou ap enfliyanse lòt moun. “W ap santi w byen nan oumenm epi w ap gen yon enfliyans pozitif nan lavi lòt moun.”4 W ap gen lajwa, epi zanmi w yo ak fanmi ou ap atire kote w pa limyè ak bonè ki nan ou.

Konsa, nou mande ou, ‘Eske yon jènjan oubyen yon jènfi k ap fè efò pou viv levanjil la epi ki rete yon egzanp diy ka fè yon diferans nan mond lan?” Nou konnen avèk tout kè nou ke repons la se yon wi byen sonnen ! Nou kwè ke lè ou pi nan panse, nan konvèsasyon, ak nan aksyon ou, w ap fè yon diferans. Nou kwè nan ou!

Nòt

  1. Pou fòs Jèn yo (2001), 2–3.

  2. Thomas S. Monson, “Be Thou an Example,” Liahona ak Ensign, Me 2005, 113.

  3. Lyawona ak Ensign Me 2005, 114.

  4. Pou fòs jèn yo, 2.

Ilistrasyon foto pa Craig Dimond, John Luke, ak Christina Smith