2009
Gen espwa ann Ayiti
Janvye 2009


Gen espwa an Ayiti

Lespri misyonè a rete vivan ak anfòm nan peyi zile sa a, epi jenerasyon k ap monte a detèmine pou l rete konsa.

Dieuveut Demosthène, 18, ak Robenson Marcel Laroque Jean, 19, se pi bon zanmi ki genyen. Epi yo deside fè sa rete konsa. Pou tout tan.

Robenson eksplike, “Nou te vwazen, epi nou te jwe baskètbòl ansanm.” “M te rantre legliz la lè m te gen 16 zan, epi yon ti tan apre m te sigjere Dieuveut pou l te vini tou. M te priye anpil, epi m te pèsiste. Kounyeya, gade li, yon manm fèm nan legliz la. Mwen fyè de li.”

Dieuveut di, “Robenson te envite m plizyè fwa,” epi finalman m te aksepte. Li toujou itilize bèl pawòl, tankou li konprann tout bagay. Konsa envitasyon l la pa t ban m pwoblèm; sa te ektraòdinè. Apre yon ti tan m te kòmanse fè leson avèk misyonè yo, epi m te rantre legliz la lè m te gen 17 tan.

Ideyal la

Sa se fason ideyal pou travay misyonè a fèt—zanmi pataje levanjil la avèk zanmi epi yo bay misyonè yo referans pou anseye yo. Robenson di, “Soti nan mwen menm—yon sèl moun nan legliz la—kounyeya se nou de, epi nou kontinye menm travay la ansanm.” Kòm rezilta efò yo, yonn nan gran frè Dieuveut yo ak yon lòt zanmi te rantre legliz la tou. Yonn vin tounen de, epi de vin tounen kat.

Robenson ak Dieuveut, nan pawas Santral, Pye Nò Pòtoprens Ayiti, se egzanp sa k ap pase avèk travay misyonè an Ayiti depi misyonè ki soti nan lòt peyi yo te kite Ayiti an 2005 la poutèt pwoblèm politik. Misyon Pòtoprens Ayiti a chèche jwenn fòs poukont li epi li jwenn ni. Jodia se Ayisyen sèlman k ap sèvi misyon an Ayiti, epi plizyè dizèn ap tann pou yo al sèvi lè yo vin gen laj pou sa. Menm anvan yo aple pou misyon aplentan, yo deja ap fè kontak avèk vwazen yo ak zanmi yo.

Farah Jean-Baptiste, 18 tan, yon jènfi nan pawas Santral tou, di: “Tout kote ou wè Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo an Ayiti, ou konnen manm yo se Ayisyen.” Se yon bonjan motivasyon pou jèn yo pou yo wè ke nou responsab avni legliz la isit la.”

Natalie LaGuerre, zanmi Farah nan menm pawas la, ki gen 17 tan di, “Jènjan yo ak jènfi yo nan legliz la motive pou yo suiv Sovè a.” “Nou vle mache sou tras Li, nou vle wè travay li a avanse. Epi konsa nou ranpli avèk jwa lè nou wè misyonè Ayisyen ap travay an Ayiti. Yo plen antouzyas epi yo kontan, epi apre misyon yo yo di nou kijan eksperyans la te bon pou yo. Apresa yo envite nou pou n fè menm eksperyans la tou epi pou n kòmanse depi jodia nan pataje levanjil la avèk zanmi nou yo.”

Li di ke malgre jènfi yo pa gen menm obligasyon nan prètriz la pou sèvi yon misyon aplentan tankou jèn gason yo, “nou wè gen anpil benediksyon tou ki vini pou moun ki sèvi yo. Ou gen posiblite pou beni lòt moun, epi sa edifye ou. Sa fòtifye ou pou difikilte ou pral fè fas yo nan lavi a, epi sa kore ou nan levanjil la. Sa montre ke ou se yon vrè disip Jezikri, ke ou se yon temwen pou Li, epi ke ou suiv egzanp Li.

Espwa a

Prezidan Gh. di: Gen anpil espwa pou wayòm Bondye a isit la an Ayiti. Ghammald Francillon nan Pye Nò Pòtoprens Ayiti: “Jèn yo vrèman motive pou sèvi misyon. Sa fè pati pwogresyon natirèl yo pou enkli yon misyon nan priyorite yo, men m anvan y al nan inivèsite. Si ou wè misyonè yo nan lari, ou ka senpleman mande yo, epi y ap di ou yo te kite etid yo paske yo te jwenn apèl pou travay pou Senyè a.”

Li fè remake benediksyon li santi nan pwòp fwaye pa li paske madanm ni se yon ansyen misyonè. Li di ke fanmi ki pi fèm ak dirijan ki pi fèm se rezilta dirèk sèvis misyonè. Li di, “Si anpil kantite Ayisyen konsa ap sèvi misyon yo an Ayiti, Imajine nan 15 a 20 tan, ki kalite legliz nou pral genyen isiti la!” Li di manm yo “santi lanmou ak sipò anpil moun, soti nan pwofèt la ak otorite jeneral yo ak ansyen misyonè lòt peyi ki te sèvi lontan nan peyi a. Men kounyeya se 100 pou san Ayisyen, enkli prezidan misyon an, Fouchard Pierre-Nau, yon ansyen misyonè ki te sèvi an Ayiti sa gen 10 zan.”

Lavni

Gen kèk moun ki te panse ke legliz la t ap gen pwoblèm isit la san asistans moun deyò. Eldè J. Henry Michel, yon misyonè k ap sèvi aktyèlman nan misyon Pòtoprens Ayiti a di, “Men m pa t janm enkyete.” Legliz la pa p janm tonbe. Sa a se Legliz Jezikri a, epi konsa li pa ka echwe.”

Dieuveut di, okontrè lè moun yo reyalize bonè levanjil la pote, legliz la apral kontinye grandi ann Ayiti. Li di, “mwen vrèman gen Robenson rekonesans paske l te pataje levanjil la avèk mwen, epi se poutèt sa mwen vle pataje levanjil la avèk lòt moun. Semèn pase a m te mande tèt mwen, èske m te gen kalite lajwa sa a anvan? Paske, jodia malgre ke m pa gen tout bagay materyèl mwen ta renmen genyen, m toujou santi lapè nan mwen menm. Mwen gen yon gwo espwa ke m apral rapwoche m de Papa nou ki nan syèl la.”

Robenson di, “M deja ap eseye pou m yon misyonè.” “Chak jou m pote valiz mwen chaje avèk plizyè Liv Mòmon ladan, jis pou m pataje avèk lòt moun. Anpil nan yo konnen m se yon manm legliz la, epi m pa ka tann pou pataje temwayaj mwen. Ale nan misyon aplentan se pral yon gwo opòtinite pou sèvi Bondye nan sèvi pitit Li yo. M gen anpil dezi pou m ale.”

Dieuveut di li souvan pale avèk ansyen misyonè yo. “Yo di m kijan Senyè a te kapab beni moun atravè misyonè yo, e m ta renmen goute kalite benediksyon sa yo. Yo di m kijan yo te viv nan chan misyon an, kijan yo te renmen li. Epitou, apre misyon yo, yo rete bon egzanp diy. M vle vin menmjan avèk yo.”

Kisa lavni ap pote? Dieuveut di, “Papa nou ki nan syèl la gen plan Li pou Ayiti.” “Li bay manm yo isist la opòtinite pou yo vin solid. Se Ayisyen k ap anseye Ayisyen , epi sa ap beni nou.”

Robenson prèske resevwa apèl pou misyon li, e li espere se pou Ayiti. Dieuveut p ap tann twò lontan apre li e li espere tou pou l sèvi nan peyi natif natal li. Men kit yo aple pou Ayiti oubyen pou yon lòt peyi, yo konnen yo pral fè pi plis zanmi nan legliz la epi relasyon amitye yo a ap kontinye. Paske lè nou se zanmi nan levanjil la, nou se zanmi pou letènite.

Espwa ap boujonnen pou jèn Sen Dènye Jou tankou Robenson Jean, Dieuveut Demosthène, Nathalie LaGuerre ak Farah Jean-Baptiste, ki kwè ke levanjil la ka transfòme lavi yo ansanm avèk peyi yo. Soti nan yon ti tèt mòn nan Pòtoprens kote tè a te dedikase pou predikasyon levanjil la epi nan tout peyi a, Sen Dènye Jou Ayisyen yo ap pataje souri yo epi y ap prepare pou lavni.

Anlè: Prezidan misyon an ak madanm ni ap pale avèk èldè yo nan biwo misyon an. Prezidan Pierre-Nau ankouraje jèn Sen Dènye Jou pou yo kòmanse pataje levanjil la. Li di: “Nou deja misyonè.” Piwo: Prezidan Francillon nan Pye Nò Pòtoprens Ayiti a ap pase yon bon moman avèk madanm ni ak pitit li. Li di legliz la beni jèn yo nan anpil fason.

Jèn an Ayiti yo angaje pwofondeman nan klas Jènfi yo ak kowòm prètriz yo. Non sèlman yo sonje pwomès yo te fè lè yo te batize yo, men yo viv dapre pwomès sa yo chak jou tou.

Foto pa Richard M. Romney