2009
Vin tankou Jezikri
Janvye 2009


Vin tande vwa yon pwofèt

Vin tankou Jezikri

Soti nan diskou konferans jeneral Oktòb 2005

Prezidan Uchtdorf eksplike kisa sa vledi pou devlope kalite kretyen yo

Imaj
President Dieter F. Uchtdorf

Jezikri te enstwi apot Li yo nan kòmansman ministè mòtèl li a, “[Vini,] suiv mwen, epi m ap fè nou tounen pechè lèzòm” (Matye 4:19). Nou bezwen “suiv li,” epi lè nou fè sa, Sovè a ap beni nou depase pwòp kapasite nou pou vin tounen sa Li vle nou ye.

Suiv Kris la se vin pi plis tankou Li. Se aprann apati karaktè Li. Sovè a envite nou pou n aprann levanjil Li a nan viv ansèyman li yo. Pwofèt ansyen ak modèn yo te dekri sa avèk twa mo: “Kenbe kòmandman yo”—anyen anplis, anyen mwens.

Ekriti yo dekri yon pakèt kalite kretyen nou bezwen devlope pandan kous lavi nou. Yo enkli konesans ak imilite, charite ak lanmou, obeyisans ak dilijans, lafwa ak espwa. Atribi kretyen yo se don ki soti nan Bondye. Yo pa ka devlope san èd li. Grenn èd nou tout bezwen an disponib gratis atravè Ekspyasyon Jezikri a.

Gen lafwa nan Jezikri ak nan Ekspyasyon l la vledi konte totalman sou Li—fè konfyans nan pouvwa, entèlijans ak lanmou enfini li a. Lè nou gen lafwa nan Kris la, nou fè Senyè a konfyans ase pou suiv kòmandman li yo—menm lè nou pa konprann totalman rezon yo. Nan chèche pou vin tankou Sovè a, nou bezwen konte, atravè wout vrè repantans lan, sou merit Jezikri yo ak benediksyon Ekspyasyon l lan.

Lè nou devlope kretyen yo nan pwòp lavi nou, pazapa, y ap “pote [nou] anlè tankou sou zèl toutrèl” (D&A 124:18). Lafwa avèk esperans ap pote nou travèse oseyan tantasyon yo, sou tèt montay afliksyon yo epi mennen nou retounen an sekirite nan fwaye ak destinasyon etènèl nou.

Lanmou pafè, pa Del Parson, pa dwe kopye