2009
Lafwa pou travèse rivyè a
Janvye 2009


Lafwa pou travèse rivyè a

“Senyè a rete nan syèl la, li lonje men l, li pran m, li ral m soti nan gwo dlo yo kote m te ye a. Li delivre m anba gwo lenmi m yo” (Som 18:16–17).

Rafael Mateo ak pitit gason li, Whalincon (koni kòm “Whally”), te fè yon ti poze nan fènwa yon apremidi loraj epi yo gade dlo move rivyè a lapli te fè debòde a. Rafael, premye konseye nan prezidans branch lan, ak Whally, prezidan kowòm ansyen branch lan, t ap retounen lakay yo apre yon Dimanch plen reyinyon nan chapèl yo nan San José de Ocoa an Repiblik Dominikèn.

Yo te deja tou tranpe anba trennen nan gwo lapli a ak travèse Río Ocoa a ki te kreye yon baryè danjere ant chapèl la ak lakay yo. Pandan sezon sèch la, mach 6 kilomèt soti nan chapèl la nan yon bò vale a pou monte al lakay yo anwo lòtbò a abityèlman pran inèdtan. Men lè rivyè a debòde pandan sezon lapli yo, Rafael ak fanmi li oblije pran yon detou twazèdtan, sou 15 kilomèt pou yo ka jwenn yon kote yo ka travèse rivyè a ak ti kras sekirite.

Rafael te konn fè vwayaj la plizyè fwa anvan sa. Li te konn travèse rivyè a chak jou pandan 12 zan pou l t al travay. Lefèt ke l te aple pou l te sèvi kòm prezidan branch de mwa apre apèl li, yon apèl li te sèvi pandan sizan, te ogmante kantite fwa l te konn travèse. Apresa li te aple kòm prezidan kowòm ansyen an. Apre sa yo te retounen aple l nan prezidans branch lan.

Men abitye avèk rivyè a pa t diminye danje li, e dlo rapid rivyè inonde yo ka osi danjere ke gwo rivyè yo te travèse a. Sa pa t gen lontan, dlo debòde rivyè a te rale yon vwazen, li te touye li nan yon dlo desann nan.

Papa a ak pitit gason an te ezite nan bò rivyè; epi Rafael te franchi. Rivyè a pa t laj, men paske li te gen sitèlman dlo konsa, li te pwofon anpil. Kouran dlo frèt la te monte rive nan jenou li toudabò, apresa nan tay li, epi byen vit dlo a te prèske rive nan lestomak li.

Rafael te konnen ke l te nan pwoblèm. Anba dlo a te glise epi li pa t egal, e kouran fò a te menase pran ekilib li. Rive nan mitan dlo a, li te itilize tout fòs li pou l te rete kanpe, epi li te twouve l te enkapab bouje ni al devan ni retounen dèyè.

Nan moman menm li te panse l te twò fèb pou l te goumen avèk dlo a ankò a, li te santi yon pouch pa dèyè ki te pouse l voye ale nan lòtbò rivyè a. Sete jis apre l te fin rive nan lòtbò a ke l te reyalize ke moun ki te sove l la se pa t Whally, ki te toujou kanpe lòtbò rivyè a.

Li te rekonèt ke pouvwa k te pote l sekou a sete pouvwa menm Sovè a ki te ede l siviv anba pouse menasan lòt eprèv yo, fizik ak espirityèl yo.

Frè Mateo di: “Mwen te oblije antre plizyè fwa nan rivyè a rive jis nan lestomak mwen pou sèvis Senyè a.” “Men mwen santi yon gwo dèt anvè Senyè a. Li ban m non sèlman opòtinite pou sèvi li men andirans tou.”

Menmjan ak Wa David, Frè Mateo konnen ke Sovè a “lonje men l, li pran m, li ral m soti nan gwo dlo yo kote m te ye a. Li delivre m anba gwo lenmi m yo” Sòm 18:16

Temwayaj sa a soutni li atravè eprèv pi sibtil, men toutosi reyèl ke travèse rivyè a jou apremidi loraj sa a avèk Whally a.

Malgre pri vwayaj la, Frè Mateo; madanm ni, Altagracia; ak twa pitit yo te sele nan tanp nan ane 2001 an. Depi lè sa a yo fè sakrifis pou yo ekonomize lajan pou ale nan tanp omwen defwa chak ane.

Travay la ak sakritis yo, ni fizik ni espirityèl yo, vo lapèn pou Frè Mateo.

Li di: “Sa pa difisil lè w konnen kisa objektif ou ye.” “N ap lite pou yon batay ki pi siblim pase bagay mond yo.”

Ilistrasyon pa Gregg Thorkelson; foto pa David Newman