2009
Anrichi etid nou sou Doktrin ak Alyans yo
Janvye 2009


Anrichi etid nou sou Doktrin ak Alyans yo

Ane sa a pote bèl opòtinite pou nou chak resevwa gwo benediksyon nan etidye Doktrin ak Alyans yo—yon liv revelasyon mèveye ki te ekri nan epòk pa nou an ak pou epòk pa nou an.

Imaj
Daniel K Judd
Imaj
A. Roger Merrill
Imaj
William D. Oswald

A. Roger Merrill (nan mitan), prezidan; Daniel K Judd (agoch), premye konseye; ak William D. Oswald, dezyèm konseye.

Doktrin ak Alyans yo, ke pafwa nou fè referans antanke manyèl enstriksyon jeneral Senyè a sou Retablisman an, gen “vwa plen tandrès men fèm Senyè Jezikri, k ap pale ankò nan dispansasyon plenitid tan yo.”1

Anpil manm deja dekouvri yon gwo amou pou liv sa a. Yon sè di: “Revelasyon espesifik yo pou moun yo nan Doktrin ak Alyans yo itil anpil. M santi m konekte avèk yo.” Yon lòt moun di: “Doktrin ak Alyans yo ede m fè fas ak sitiyasyon mwen rankontre paske li pa si ansyen pase sa.” Yon frè di: “Mwen renmen Doktrin ak Alyans yo paske li ede m konprann Prètriz la.”

Nou temwaye ke Doktrin ak Alyans yo se vrèman vwa Senyè a nan epòk pa nou an pou chak pitit Bondye epi gwo benediksyon ap vini pou moun ki etidye li. Nou ofri kat sigjesyon pou rann etid ou ane sa a yon eksperyans rekonpansan tou epi nou sigjere kèk fason ke Lekòldidimanch ka ede.

Li Liv la depi premye paj rive nan fen.

Doktrin ak Alyans yo ak Manyèl Etid Manm Klas yo sou Istwa Legliz la ankouraje manm yo pou yo “li Doktrin ak Alyans yo depi nan kòmansman rive nan fen”2 pandan ane 2009 la, osi byen pou konplete chak tach lekti jou Dimanch yo, ki ranje pa sijè.

Etidye nan fason sa a ap ede nou konprann kontèks seksyon n ap etidye yo osibyen ke seksyon yo poukont yo. Li prepare nou tou pou n patisipe nan yon bèl diskisyon nan klas Lekòldidimanch—sa ki, anretou, ap banou ide ak enspirasyon anplis pou nou kapab itilize nan lavi pèsonèl nou ak familyal nou.

Nan etid ekriti nou fè chak jou yo, nou ka twouve l bon pou nou pase youn oubyen de jou chak semèn pou n gade espesifikman sa yo pral diskite nan klas yo epi apresa kontinye lekti nou nan Doktrin ak Alyans yo depi nan kòmansman rive nan fen.

Li avèk kesyon nan lespri nou

Frè Renzo Molly Barrios Matias, ki soti Guatemala, te aprann pouvwa ki genyen nan itilize etid ekriti yo pou resevwa revelasyon pèsonèl pou pwòp lavi pa li.

Li di: “Apre siklòn Mitch la te pase sou Amerik Santral la an 2001 an kote l te kite tout bagay an dezolasyon, m te gen anpil kesyon.” “Nan chèche repons, m t al jwenn yon zanmi m respekte anpil. Li te di: ‘Li ekriti yo. W ap jwenn pi bon repons pou kesyon w yo ladan yo.’

Frè Matias di: “Sa te revolisyone lavi mwen.” “Apre m te fin etidye ekriti yo pandan yon bon ti tan, m te kòmanse jwenn repons pou kesyon m yo. M te kapab wè ke lavi m te gen sans. Sete lè sa a m te deside pou m te sèvi yon misyon aplentan.”

Byen vit Èldè Matias t al sèvi nan Misyon Tegucigalpa a nan Honduras, kote l te ede lòt moun dekouvri pouvwa ki genyen nan etid ekriti yo.

Li avèk kesyon espeskfik nan lespri nou envite Senyè a pou enspire nou ak dirije nou nan pwoblèm ak opòtinite nou yo. Ou gen dwa ekri kesyon yo pou w ka enkli yo nan etid ekriti w yo nan yon espri lapriyè. Amezi w ap resevwa repons yo, w ap santi w enspire pou pataje ide sa a nan Lekòldidimanch. Manm klas yo edifye lè youn tande lòt ap rann temwayaj yo sou fason Senyè a itilize ekriti yo pou bay gidans ak enspirasyon pèsonèl.

Chèche koneksyon, chema, ak tèm

Èldè David A. Bednar nan Kolèj Douz Apot yo te sigjere ke nan tout etid ekriti nou, nou dwe chèche koneksyon, chema, ak tèm.3

Yon egzanp sou koneksyon nan Doktrin ak Alyans yo se lyen ant obeyisans nou ak benediksyon pwomiz yo. “Mwen menm Senyè a m anba obligasyon lè nou fè sa m di; men, lè nou pa fè sa m di, nou pa gen pwomès” D&A 82:10 Etid ekriti nou vin pi siyifikan lè nou rekonèt koneksyon sa a epi pran rezolisyon pou n aji sou sa Senyè a kòmande nou pou n fè.

Yon chema nan Doktrin ak Alyans yo se antre nan vrè nati liv la li menm. Jan entwodiksyon an endike sa: “Revelasyon sakre sa yo te resevwa kòm repons pou priyè, nan tan bezwen, epi yo te soti nan sityasyon lavi reyèl ki te enplike moun reyèl.”4 Revelasyon yo te pèsonèl epi yo reponn kesyon espesifik konsènan bagay Papa nou ki nan Syèl la konnen ki t ap “pi valab” (D&A 15:6; 16:6) pou chak moun endividyèlman.5 Chema sa a sou chèche ak resevwa revelasyon pèsonèl la se youn nou ka suiv nan pwòp lavi pa nou.

Youn nan tèm ki pi komen nan tout ekriti yo se “Chèche m avèk dilijans epi n ap jwenn mwen; mande epi n ap resevwa; frape epi y ap louvri pou nou” (D&A 88:63). Tèm tankou sa yo ankouraje nou pou n aksepte pi gwo responsablite pou pwòp aprantisaj nou lè n ap li ak medite sou pawòl Bondye yo.

Pandan ke Doktrin ak Alyans yo pa toujou li tankou yon istwa, li ansanm avèk koneksyon, chema, ak tèm. Youn nan benediksyon ki genyen nan pale sou ekriti yo ansanm nan Lekòldidimanch sèke nou vin plis konsyans de ide sa yo pandan n ap pataje pwòp pa nou epi koute ide lòt moun yo.

Chèche pou n edifye ak rejwi ansanm

Senyè a te di ke lè manm Legliz yo aprann epi youn anseye lòt pa Lespri a, “yo tou de edifye epi rejwi ansanm” D&A 50:22 Ansèyman puisan levanjil la ak aprantisaj enspire rive lè enstriktè ak etidyan konprann ke enstriktè reyèl la nan nenpòt klas nan Legliz la se Sentespri a epi patisipasyon nan klas la envite Lespri a rann temwayaj.

Nan fòmasyon mondyal pou dirijan yo sou anseye ak aprann nan an Fevriye 2007 la, Èldè Jeffrey R. Holland nan Kolèj Douz Apot yo te envite nou pou andose pi gwo responsablite pou aprann levanjil la. Lè sa a li te demontre kijan enstriktè enspire ka envite manm klas yo pou yo vin aktif olye yo rete patisipan pasif nan diskisyon klas yo.

Èldè Holland te di: “Si na pral ede moun k ap aprann nan andose responsablite pou aprann, epi si nou pral temwaye konsènan verite n ap anseye yo, Bondye ap konfime nan kè nou ak nan kè etidyan nou yo mesaj levanjil Jezikri a.”6

Pandan ke manm klas yo ap editye nan lapriyè pandan semèn nan epi apresa li ansanm nan ekriti yo epi pataje ide yo, Sentespri a ap rann temwayaj epi l ap pote “nan kè” (2 Nephi 33:1) chak manm klas la espesifikman sa l bezwen konnen ak fè (gade 2 Nefi 32:3–5).

Yon envitasyon pèsonèl

Pandan n ap etidye ak aprann nan Doktrin ak Alyans ane sa a, lafwa nou nan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri ap fòtifye epi temwayaj nou sou Joseph Smith antanke pwofèt Bondye pou Retablisman an ap grandi. Senyè a ap louvri konpreyansyon nou, epi ekriti yo ap vin yon pati pi entegral nan lavi nou.7

Nan kòmansman nouvèl ane sa a, nou envite w pou w ini avèk nou pandan n ap jwayezman “sonde kòmandman sa yo, paske yo vrè epi yo fidèl, epi pwofesi ak pwomès ki ladan yo pral akonpli nèt” (D&A 1:37).

Nòt

  1. Entwodiksyon pou eksplike Doktrin ak Alyans yo.

  2. Doktrin ak Alyans ak Manyèl Etid pou manm nan klas Istwa Legliz yo (1999), Entwodiksyon, 3.

  3. Gade David A. Bednar, “Yon resèvwa dlo vivan” (Kwendfe Sistèm Edikatif Legliz la pou jèn adilt yo, 4 Fev. 2007), www.ldsces.org.

  4. Entwodiksyon pou eksplike Doktrin ak Alyans yo.

  5. Pou lòt egzanp sou revelasyon pèsonèl espisifik, gade, gade D&A 7–9; 11–12; 14–17.

  6. Jeffrey R. Holland, “Teaching and Learning in the Church,” Liahona, Jen 2007, 73; Ensign, Jen 2007, 105. Retransmisyon an disponib nan plizyè lang nan www.lds.org. Klike sou “Gospel Library,” “Additional Addresses,” epi apresa sou “Worldwide Leadership Training: Teaching and Learning.”

  7. Gade Joseph Smith—Istwa 1:73–74. Apre yo te fin batize, Joseph Smith ak Oliver Cowdery te “ranpli avèk Sentespri a.” Lè sa a, lespri yo te “eklere, ekriti [yo te] kòmanse louvri devan konpreyansyon [yo].”

Ansèyman puisan levanjil la ak aprantisaj enspire rive lè enstriktè ak moun k ap aprann yo konprann ke vrè enstriktè a nan nenpòt klas nan Legliz la se Sentespri a epi patisipasyon nan klas la envite Lespri a rann temwayaj.

Foto ilistrasyon pa Craig Dimond

Doktrin ak Alyans yo akistwa Legliz

Manyèl Etid pou manm klas