2009
Chanje bi mwen
Janvye 2009


Chanje bi mwen

Krista Wren, Arizona, Etazini

Nan yon reyinyon Sentsèn yon jou Dimanch, m te koute avèk atansyon yon oratè k t ap pale sou enstiti. Li te pataje pawòl Èldè L. Tom Perry nan Kolèj Douz Apot yo, li te di, “Enstiti te anrichi lavi mwen, epi m konnen l ap fè menm bagay la pou ou tou. L ap mete yon boukliye pwoteksyon toutotou ou pou kenbe w lwen tantasyon yo ak eprèv yo nan mond lan.”1 Lè sa a m te reyalize ke verite pawòl Èldè Perry yo te manifeste ban mwen deja. Ala m te rekonesan pou benediksyon m te resevwa paske m t al nan enstiti yo.

Sa pa t gen lontan anvan sa, m te kòmanse yon klas enstiti sou ansèyman Ezayi yo. Rive jodi a li rete klas ki te pi gen efè nan lavi mwen. Semès sa a sete yon tan plen konfizyon pou mwen; se pa t tout bi m ak priyorite m yo ki te ann akò avèk prensip levanjil yo. Men, m t ale nan enstiti regilyèman epi m te patisipe nan anpil diskisyon sou doktrin Legliz la avèk enstriktè mwen nan enstiti a. Amezi tan t ap pase, pandan ke ide m yo t ap chanje, m te lantman epi avèk anpil prekosyon chanje plan m yo pou yo te ka an akò avèk plan Senyè a pou mwen.

Sete jis lè m te tande sitasyon Èldè Perry a nan reyiyon Sentsèn nan jou Dimanch sa a ke m te reyalize egzakteman kijan nouvo bi sa yo sete benediksyon pou mwen. Tout lavi mwen te vin pi bon anpil lè m t ale nan enstiti. M te vin pi reseptif ak Lespri a epi m te sikonbe anba tantasyon mwen souvan. Atitid mwen ak aparans mwen te amelyore akoz m t ale nan enstiti.

Nòt

  1. L. Tom Perry, “Receive Truth,” Ensign, Nov. 1997, 61–62.