2009
Rechèch yon chan favori
Janvye 2009


Rechèch yon chan favori

Prezidan misyon nou t ap plede avèti misyonè yo nan Misyon Gana Akra a pou yo te “rete konsantre.” Li te rekoni nan itilize fraz sa a. Nan yonn nan konferans zòn nou yo, li te sigjere fason nou ta ka fè sa, epi yon pwen kle nan lis li a sete genyen yon chan favori.

Li te di nou pou n chwazi yon chan favori, memorize l, epi chante l nan moman nou ka anba tantasyon oubyen lè nou santi nou tris. Deklarasyon sa a te rezone nan memwa mwen pandan tout jounen an.

M t ap sonje lakay mwen. Okenn moun nan fanmi m pat ekri m resaman, epi m te santi m deprime. M te mwens konsantre. Sete moman m te bezwen chwazi yon chan pou fòtifye espri mwen. M te konnen anpil chan nan liv kantik koulè vèt la, men kiyès m te pi renmen?

Jou swa sa a, m te pran yon ansyen liv kantik epi m te pase paj ki te pliye yo, ap chèche chan ki te ka pote rekonfò pou mwen. Imedyatman, m te gen yon lide. Eldè Sheldon F. Child nan Swasanndis yo, ki te Prezidan Zòn Lwès Afrik lè sa a, te vizite gwoup nou an nan sant fòmasyon misyonè a epi lit e pale konsènan Ekspyasyon an. Li te konkli, “Si nou tout jèn misyonè yo te konprann Ekspyasyon Senyè nou an Jezikri a, nou pa t ap bezwen gen lwa nan misyon an.”

Se kalite chan sa a m te bezwen. M pa t gen konfizyon ankò. Si m te gen yon chan konsènan Ekspyasyon an, m ta santi lanmou Sovè mwen an, m ta konsole, epi m ta rete konsantre sou sa L vle m fè.

Finalman m te chwazi chan 73 la, “Je sais qu’il vit mon Rédempteur.”

Jodia mwen rekonesan pou prezidan misyon m nan pou konsèy saj li a. Kounyeya m gen yon chan favori nan memwa mwen, ke m toujou medite epi sonje chante nan moman depresyon, eprèv ak difikilte yo. “Je sais qu’il vit mon Rédempteur. Ala konsolasyon bèl fraz sa a bay. … li vivan pou beni m nan moman m bezwen.”