2009
Fòtifye temwayaj mwen
Janvye 2009


Fòtifye temwayaj mwen

Alberto Avilez Rodríguez, Meksik

M souvan etone pou sa m ka aprann nan enstiti. M pa sonje m janm al nan yon klas san m pa t aprann yon bagay nouvo ni san m pa t konprann yon prensip levanjil pi byen. Kòm rezilta, lavi m chanje.

Nan pami pil benediksyon m te resevwa nan ale nan enstiti yo genyen lefèt ke relasyon familyal mwen amelyore epi m pi plis enterese nan ekriti yo. Li grandi temwayaj mwen tou. Anvan m t al nan entsiti, m pa t si ke m te anvi sèvi yon misyon. Kounyeya mwen konnen ke sèvi yon misyon se sa m dwe fè.

Enstiti te yon eksperyans mèveye pou mwen. Li ede m konprann ak obeyi prensip legliz yo. Doktrin legliz yo se chemen Sali ak egzaltasyon, e mwen rekonesan pou m kapab aprann yo nan enstiti.