2009
Demonstrasyon talan an
Janvye 2009


Demonstrasyon talan

“Men charite se lanmou pi Kris la, epi li andire pou toutan; epi nenpòt moun ki posede l nan dènye jou a, l ap bon pou li” (Mowoni 7:47).

Mari te fèmen pòt vwati a pandan ke li menm ak klas Primè l la t ap vwayaje ale nan yon mezon retrèt. Li te espere ke okenn nan tifi yo pa t remake dlo ki te ranpli je li.

Lè sè Gibson te sigjere demonstrasyon talan an kòm yon aktivite pou jou a, li te sanble yon bèl ide anpil. Chak tifi t al travay pou planifye talan yo ta pral pataje a. Mari te eseye, men li pa t kapab jwenn anyen pou l te fè.

Kèk nan tifi yo t ap jwe pyano. Yon tifi t ap jwe vyolon, epi yonn t ap chante. Yon lòt t ap resite yon powèm li te ekri, epi pi bon zanmi Mari a, Shelly, tapral fè yon loupin. Andrea pa t ap prezante anyen, men li te fè bonbon pou chak moun te ka jwenn apre demonstrasyon an.

Plis Mari te panse konsènan demonstrasyon talan an, se plis li te konvenki ke li pa t gen okenn talan. Li pa t menm sèten poukisa li te vini. Sè Gibson te eseye fè l santi l pi byen, li te di li ke li pa t ko dekouvri yon talan trè espesyal ke Papa nou ki nan syèl la te ba li. Men Mari te difisil pou kwè sa. Li pa t panse te gen anyen li te ka fè byen.

Sal rankont nan kay retrèt la te trankil. Te gen ti granmoun tout kote, epi sa te fè Mari pi nève toujou. Li pa t konn kisa pou l te di yo ni kijan pou l te aji. Lòt tifi yo te sanble yo te santi yo menmjan an tou. Yo te gwoupe yo ansanm, ap gade alantou yo tou timid jiskaske Sè Gibson te montre yo kote pou yo chita.

Mari te toujou pa t santi l byen lè pwogram nan te kòmanse. Apresa, jis apre premye solo pyano a,li te tande yon moun touse dèyè li. Mari te vire epi l te wè yon fi cheve blanch ke kò l t ap souke chak fwa li te touse.

Mari te sispann panse avèk tèt pa li epi li te kòmanse sousye pou fi a. Li te trankilman retire yon gwo sirèt nan pòch li epi li t al kote fi a. Li te mete men li sou zewpòl fi a epi li te remèt ti kado a. Lè men plise a te lonje pou pran li epi fi a te souri ba li, Mari te santi bonè ak lapè.

Mari te rete akote fi a pandan tout rès pwogram nan. Li te kenbe men l epi pafwa li te di l kisa k t ap pase a. Li te santi l byen paske l t ap fè yon bagay pou yon lòt moun, epi sa te anpeche l santi regrè pou tèt li.

Lè moman te rive pou ale, fi a te anbrase Mari epi li te mimire, “Mèsi paske ou te pale avèk mwen. Ou reyèlman gen talan pou fè moun santi lanmou.”

Sou wout pou retounen legliz la, Mari te rekonesan palefèt ke li te konnen ke li te gen yon talan kanmèm. Lè l te sèvi lòt moun, li te santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la, epi li te ede lòt moun santi lanmou sa a tou. Sa sete yon bèl talan espesyal pou genyen.

Ilistrasyon pa Brandon Dorman