2009
Ide pou sware familyal
Janvye 2009


Ide pou sware familyal

Sigjesyon pou ansèyman sa yo ka sèvi nan klas tankou nan fwaye a tou. Ou ka adapte ide sa yo pou fanmi ou oubyen klas ou.

“Anrichi etid ou sou Doktrin ak Alyans yo,” paj 10: Diskite avèk pi gran timoun yo diferan fason pou ale nan lekòl didimanch prepare pou aprann epi patisipe. Envite yo fikse bi espesifik pou pi byen prepare pou lekòl didimanch ane sa a, oubyen fikse bi familyal pou travay sou sa ansanm. Ede pi jèn timoun yo fikse bi ki kadre ak kapasite yo, tankou pote ekriti yo nan klas, rive alè, priye pou enstriktè yo, oubyen leve men yo. Diskite fason yonn ka ede lòt atenn bi sa yo.

“Yon egzanp pou Kwayan yo,” paj 36: Fè manm fanmi an ekri fason yo te wè lòt moun kòm “yon egzanp pou kwayan yo.” Pataje lis yo, epi diskite fason chak manm fanmi an ka montre bon egzanp. Fikse bi pou fè sa.

“Demonstrasyon talan,” paj Z8: Li atik la, epi fè remake ki talan Mari te dekouvri li te genyen. Pou ede manm fanmi an dekouvri talan kache yo, fè chak moun dekri yon talan moun ki agoch li a. Si gen tan pou sa, ou ka kontinye pwosesis la plizyè fwa. Pou konkli, li Mowoni 7:47 ak deklarasyon Eldè L.Tom Perry a nan maj la.

“Semèn Benn nan,” paj Z14: Li atik la, remake kouraj Benn te bezwen lè l te mande gran papa l pa ale achte jou dimanch. Diskite kijan manm fanmi yo ka montre yo brav lè yo fè efò pou kenbe kòmandman yo. Jwe sèn ak kèk sitiyasyon ki mande kouraj pou chwazi bon bagay.