2009
Beni de fwa
Janvye 2009


Beni de fwa

Lavi m te chanje pou tout tan lè mari m avèk mwen nou te ale kay doktè pou n te tcheke sèks ak devlòpman bebe nou an ki te nan vant. M te kriye avèk jwa lè nou te dekouvri ke nou t ap tann de jimo. Men kriye m yo te chanje an dezespwa lè doktè a te eksplike ke yon seri konplikasyon t ap lakoz ke jimo yo pa t ap rive siviv jiska nesans. Doktè a te sigjere pou n te mete fen ak gwosès la. Li te di kite l kontinye t ap yon gwo risk epi m t ap fini pa rantre lopital.

Malgre danje yo, nou te deside kontinye ak gwosès la.

Sou wout pou n t al lakay nou m te reyalize kijan sitiyasyon an te grav. M t ap mande m kijan m t ap kapab kite mari m ak twa pitit nou yo pou m al rete lopital pandan yon pakèt tan. Konnen ke bebe nou yo t ap fè prematire—epi yo te gen dwa pa t viv—te vin depasan pou mwen. M pa t si ke m te ka andire eprèv sa a.

Se sèlman apre m te fin resevwa yon benediksyon prètriz la nan men mari m ak bòpè mwen ke m te santi lapè. M te rann mwen kont ke kèlkeswa sa k te rive, fanmi m a avèk mwen t ap anfòm. M te santi lanmou Sovè a epi m te konnen ke Li t ap avèk mwen nan lajwa ak nan tristès.

Yon ti tan apre, m te di fanmi m babay epi m te antre lopital pou yon peryòd san limit. Yo t ap kontwole kè bebe yo konstaman pou fè sèten bebe yo te anfòm. Sa te difisil pou mwen pou m wè rit kè yo ap diminye, epi m t ap mande m si yo t ap rive nan objektif akouchman apre 34 semèn nan. Nan 25 semèn edmi, rit kè yonn nan bebe yo te diminye nan yon nivo kritik, li te prèske kanpe. Doktè yo te deside si kè a pa t rekòmanse bat nòmalman, yo t ap pran toude bebe yo pa sezaryèn toutsuit san pèdi tan. M te panike lè m te tande enfimyè a rele mari mwen epi di l ke yo t ap prepare m pou operasyon epi ekip neyonatal la te tou pare.

M te konnen ke pou m travèse eprèv sa a, m te bezwen èd Papa nou ki nan syèl la. M te priye an silans, ap sipliye pou bebe nou yo ta rekipere, sa ki t ap pèmèt toude jimo yo jwenn tan yo te bezwen pou devlope nan matris mwen. M te priye pou rekonfò tou. Yon fwa ankò m te santi lapè, menmjan ak lè m te resevwa benediksyon prètriz la. M pa t konnen si bebe nou yo t ap viv oubyen mouri, men m te konnen ke kèlkeswa s ak pase, si m te vire kote Senyè a, Li t ap ede m pote fado mwen an. Finalman tan te pase, kè bebe yo te retounen nan nòmal yo, epi operasyon an pa t nesesè ankò.

Sejou mwen nan lopital la te kontinye pou de lòt mwa, epi te gen plizyè fwa nou te enkyè pou chanjman nan rit kè bebe yo. Men erezman, rit kè okenn nan jimo yo pa t desann ba menmjan ak anvan. Pitit gason nou yo, John ak Jacob, te fèt apre 33 semèn. Kòd lonbrit yo te antòtiye avèk 8 ne, epi John—ti gason kè l te bat dousman an—te gen kòd lonbrit li vire de fwa nan kou li. Jimo nou yo te rete nan seksyon swen entansif lopital la pou yo te ka kontwole tanperati kò yo ak respirasyon yo. Malgre pwoblèm potansyèl ki te asosye avèk nesans prematire yo, John ak Jacob te ka rantre lakay apre sèlman 19 jou.

Jimo nou yo vin gran kounyeya, epi yo pa gen anyen negatif kòm konsekans nesans prematire yo a. Mwen rekonesan ke sa ki te kòmanse kòm yon eprèv la te vin tounen yonn nan pi gwo benediksyon nan lavi m. M te jwenn an kado de pitit gason an sante, epi temwayaj mwen sou pouvwa benediksyon prètriz la ak priyè te ranfòse. Mwen rekonesan tou pou posiblite pou sonje lapè ak lanmou m te santi ak konesans ke Senyè a te okouran de sitiyasyon m nan. M te aprann lèsa a ke, avèk èd Senyè a, n ap gen fòs pou andire eprèv nou yo.