2009
Kòmantè
Janvye 2009


Kòmantè

M te fè nouvo branch mwen an vin tounen “lakay”

M te fèk vin anplwaye nan Bengaluru, nan End, yon vil ki te lwen vil natif natal mwen Chennai. M te renmen nouvo travay mwen an; men, ale nan yon nouvo branch sete yon sansasyon diferan. M te santi m tankou yon etranje, e m te sonje branch lakay mwen an. Epi lè sa a m te li atik ki di “Fè nenpòt pawas tounen ‘lakay’” la nan Lyawona Janvye 2008 la. M te santi m rekonfòte, epi m te kòmanse prezante tèt mwen bay anpil manm. M te resevwa yon apèl epi m te fè nouvo zanmi. Sa k pi enpòtan, m te vin pi byen konnen poukisa m te vin legliz. Kounyeya m ap chèche nouvo figi pou m lonje lamen bayo. Mèsi pou atik la.

Joseph Isaac, End

Lyawona a ede m preche levanjil la

Mwen toujou mache avèk yon Lyawona. Gras avèk sa, m te kapab jwenn anpil referans pou misyonè yo. Lè m te oblije ap tann tou pa mwen nan lopital la, m te li l, epi moun yo te plen kiryozite, konsa m te pwofite opòtinite a pou m te pale yo sou levanjil Jezikri a ak plan Sali Bondye a yo te anseye nou an. Mache avèk Lyawona a kèlkeswa kote m ale te ede m pale sou Jezikri ak preche moun levanjil la.

Margarita Herrera de Bello, Meksik